lundi 23 février 2009

Bless,Carnaval 2009

Ranpè
Men Bless nan Kanaval la 2009 la
Mwen menm Beefy mape di ou pa vin fè lèd la
Katchyapika ak tchou boutèy sa se vyolans la
Bay moun kou nan kanaval la pa fè sans la
Twa jou gra pou linite avèk lamou
Koulè, gete Kaveman, sista Kilou
Nap fè timoun, granmoun danse


Snake, Snake, Snake
Haiti sick, Haiti sick
Bless it, bless it (Third)

Chorus 1
Baryè lib kite fanatik yo antre, antre
Lib kite fanatik yo antre, antre
Li lib kite fanatik yo antre, antre
Baryè lib kite fanatik yo antre, antre (third)

I.- Realax, realax, realax
Se moman pou-n reflechi
Ki peyi, ki sosyete nou vle konstwi
Lè-n gade se lè-n pa wè
Lè nou wè se lè-n pa kwè
Realax, ane sa

Chorus 2
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Pòdepè
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Latòti
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Kap ayisyen
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Gonayiv
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Jeremi
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Les Cayes
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Jakmèl
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Tomazo
Tous : Tout moun ankoulèv
Tous : Ankoulèv, ankoulèv, ankoulèv (bis)

II.- Yon peyi k plen diskriminasyon
Kòman ou ta vle pou-n jwenn solisyon
Kote pwogrè konn mache ak eksklizyon
Kilès ki pou pran desizyon
Mezanmi, ane sa

Chorus 3
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Site solèy
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Bèlè
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Solino
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Petyonvil
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Dèlma
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Kafou
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Laplèn
Tous : Tout moun ankoulèv Solo : Lavil

Woy banm kleren mwen
Pou m jwi lavi mwen
Lè m ba ou boutèy la
Pa fil sèkèy la
Pase l bay zanmi an
Nou se menm fanmi an
Fò n fèl ansanm

Men nan men pou nou bare ranpè
Men nan men pou nou konstwi lapè
Men nan men pou nou jwenn libète
Men nan men sou wout pwosperite

L, a, la, g, o, t, got, lagot
Si ou pa gen chèf pou sipò
Ou ap toujou deyò (Third)

III.- O, o, sispann reve non
Leve, louvri je ou pou gade sa kap fèt la
Yon peyi tout moun ap ranpe
Tout sa-k dwa moun lòt kote,
Yo respekte
Pa bò isit, li menm, li se favè
Pa vin dim ou pa konn ranpe paske se devan blan ou fè sousou
Menm MINUSTAH nan ranpe
Lè militè Meriken debake nan Gonayiv lè siklòn Ana
Nou te wè sa.

Chorus 4
Solo : Si pou ou travay Tous: fò ou ranpe
Solo : Pou ou g’on bèl fanm Tous: fò ou ranpe
Solo : Yon bèl oto Tous: fò ou ranpe
Solo : Pou ou g’on bèl kay Tous: fò ou ranpe
Solo : Sibvansyon skolè a Tous: fò ou ranpe
Solo : Ed inondasyon an Tous: fò ou ranpe
Solo : Pou majistra, depita Tous: fò ou ranpe
Solo : Pou senatè Tous: fò ou ranpe
(nan KEP a)
Solo : Pou ou prezidan
Tous: fò ou ranpe (Kominote entènasyonal la)
Atò menm pou on paspò fò-m ranpe

Chorus 5
Anndan DGI a plen koulèv
Nan imigrasyon an plen koulèv
Anndan tribinal la plen koulèv
Sena Repiblik la plen koulèv
Palè nasyonal menm (4 fwa)
E, ey son peyi ranpè
Pa pike-m non.

IV. - FMI, Bank Mondyal se seyè
Ranpe non vye frè
Timoun mèt mouri nan Bèdoranj
Lekòl mèt tonbe sou elèv
Ki mele dada-m
Tèt mòn yo fin debwaze
Sa se dezòd men ki kote-l sòti
Sa pa fè-m anyen mwen opilan

(Lè ou fin souse san pèp la, wa di-m sa wa souse, sansu)

Chorus 6
Woy manman, woy papa
Woy manman tout moun ankoulèv
Woy manman, woy papa
Woy manman yon peyi ranpè.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire